Accessibility links

Breaking News

Atak Rebèl nan Pakistan : 4 Moun mouri nan vil Peshawar


Nouvèl ki sòti nan Pakistan, fè konnen, daprè otorite yo, militan rebèl ki te genyen inifòm lapolis sou yo, atake biwo yon gwo ofisyèl nan vil Peshawar , nanpati nòdwès peyi a, kote yo touye 4 moun. Pèsonn moun ni gwoup moun poko pran responsablite pou atak la ki dewoule byen bonè lendi 18 fevriye 2013 la; sepandan branch Taliban ki nan Pakistan abitye lanse kalte operasyon sa yo.

Lòt kote nan Pakistan e toujou lendi 18 fevriye a: Sitwayen chiyit kap viv nan vil Quetta derefize antere kadav moun ki te viktim yon seri atak ak bonm trèrib ki te touye o-wmen 80 moun e blese plis pase 100 lòt. Sitwayen sa yo egzije pou lapolis ak lame ba yo sekirite kont eleman ekstemis ki te komèt zak sa yo.

Yon afè de 4 mil moun rasanble pou yo lanse yon mouvman protestasyon. Daprè tradisyon mizilman yo, fanmi yon moun ki mouri dwe antere li le pli to posib –an tou ka 24 trè aprè lanmò-a; e, le fèt ke moun yo kite kadav yo san mete yo anba tè, se yon siyn ki montre kijan yap soufri e kijan yo pa kontan.
XS
SM
MD
LG