Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chavez Retounen Venezuela aprè plis ke 2 Mwa nan Kiba


Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, retounen nan peyi li aprè li pase plis pase 2 mwa ap suiv tretman pou kansè nan Kiba. Otrite yo nan Caracas anonse retou prezidan an byen bonè lendi 18 fevriye 2013 la sou Twitter, avèk yon deklarasyon ki fè konnen: «Nou pral kontinye tretman an isit la.»

Lidè venezyelyen an te sibi yon operasyon ki te dire 6 zèd tan nan mwa desanm ane pase a nan La Avàn ; sete 4èm operasyon konsa li fè depi doktè te dekouvri lap soufri ak maladi kansè nan mitan ane 2011 la. Msye Chavez pa janm revele ki kalite kansè li genyen, ni severite maladi a ki, daprè sa l di, se yon timè ki chita nan zòn pèlvis li.

Nan mwa janvye pase a, Vis Prezidan Nicolas Maduro te di sante prezidan an nan yon eta frajil. Dènye fwa doktè te wè kansè a retounen sou Misye Chevez, se aprè li te ranpète eleksyon ki ba l dwa pase yon lòt manda sou pouvwa a. Lè sa a prezidan venezuelyen an te chwazi msye Maduro kòm ranplasan sizoka li pa ta kapab kontinye egzèse fonksyon chèf deta a.

Prezidan Chavez te sipoze prete sèman pou yon lòt manda 6 zan nan dat 10 janvye pase a; men doktè te di li pat ka kite Kiba pou l al patisipe nan seremoni envestiti a. Kou siprèm Venezuela a te deside prezidan an gen dwa ranvwaye envestiti li a e li pat oblije fikse yon dat pou li dewoule.
XS
SM
MD
LG