Accessibility links

Breaking News

Ekwatè: Rafael Correa Ranpòte yon lòt Manda Prezidansyèl


Nan peyi Ekwatè, lidè gochis Rafael Correa ranpòte eleksyon prezidansyèl ki dewoule dimanch 17 fevriye 2013 la; konsa li jwenn yon 3èm manda sou pouvwa a.

Nan moman rete vwa toujou pou yo konte, Misye Correa ranpòte 57 pou san vwa yo konpare a 24 pou san advèsè ki pi prè li a, an palan de ansyen bankye Guillermo Lasso. Komisyon elektoral la di li pa atann ni aske rezilta yo chanje twòp apre responsab yo va fin konte tout vwa yo.

Patizan Misye Correa yo te reyini nan palè nasyonal la nan fen jounen dimanch la, mwens ke 1 nèdtan aprè biwodvòt yo te fèmen. Lidè gochis la di jounalis yo objektif li se kontinye ak refòm li deja lanse nan peyi a.

Rafael Correa di :

"Nou pral chanje peyi sa a, tout kote, pou tout moun, pou tout fanmi. Nou pral kontinye revolisyon an. Yo byen konnen nou pa pral janm sibi echèk."

Rafael Correa te eli prezidan Ekwatè pou la premye fwa nan ane 2006, e li rive leve nivo de vi klas pòv yo, menm jan li ranfòse sekirite nan peyi-a. Men o kòmansman li te resevwa gwo kritik kòm yon lidè sosyalis ki te konpòte l kòm yon tiran, paske li pat ka tolere okenn opozisyon.
XS
SM
MD
LG