Accessibility links

Breaking News

Bareyn: Manifestasyon Opozisyon an kont Rejim Sinit la


Nan peyi Bareyn, patizan opozisyon an kreye gwo blokis sou youn nan prensipal wout ki mennen nan kapital la, Manama, nan moman konfwontasyon ap dewoule pou yon 2èm jou youn aprè lòt nan okazyon manifestasyon kap make 2èm anivèsè yon mouvman leve-kanpe ki te fèt kont dirijan sinit peyi a.

Manifestan anti-gouvènmantal òganize pwotestasyon an vandredi 15 fevriye 2013 la sou otowout Boudaya, ki lye divès rejyon kote chiyit abite, avèk kapital la. Manifestasyon sa a fè pati yon mouvman pwotestasyon kap dewoule atravè tout Bareyn e ki te kòmanse jedi.

Plis tan ap pase, se plis tou mouvman pwotestasyon an vle vire an kò-bòy, paske li gen tandans debouche sou vyolans. Pa egzanp, byen bonè vandredi, yon polisye mouri nan Manama, viktim yon eksplozif atizanal. Jedi a menm, lapolis te touye yon « teenager » --sètadi yon jenn moun ki potko gen 20 lane-- nan yon manifestasyon ki tap dewoule tou prè kapital la.
XS
SM
MD
LG