Accessibility links

Breaking News

Etazini - Politik: Blokaj Konfimasyon Chuck Hagel nan Sena a


Nan Washington, repibliken nan Sena a rive bloke yon vòt ki te gen pou fèt sou nominasyon ansyen senatè repibliken Chuck Hagel pou plas minis defans Lèzetazini an. Te manke 2 vwa sèlman pou nominasyon Misye Hagel pase nan faz kote senatè yo gen pou fè yon vòt final sou konfimasyon li. Youn nan palmantè ki genyen plis rezèv sou posiblite pou sena a apiye nominasyon an, se Senatè John McCain, yon repibliken eta Arizona.

Misye McCain di:

“Listwa pa sanble pral apiye deklarasyon Senatè Hagel te fè pou l di desizyon gouvènman an te pran pou l ogmante efektif militè nou nan Afganistan pou n kontrekare aktivite militan rebèl yo, se pa yon desizyon ki ta pral ede n ranpòte lagè a. Misye te di: “Se pi move desizyon nou pran nan domèn politik etranjè a depi Vyetnam.” Eben, si gen yon bagay ki parèt klè jounen jodi a, sè ke deklarasyon sa a pa korèk ditou; se deklarasyon yon moun ki mal enfòme; se yon deklarasyon ki pa lojik.”

Demokrat yo rejte kritik kap fèt sou misye Hagel yo; yo fè konnen deklarasyon tankou sa Senatè McCain fè a, fè pati yon move kalkil ki kapab mete peyi a an danje. Sena ameriken an kòmanse yon vakans 10 jou; konsa misye Hagel genyen pou l rete tann retou palmantè yo pou l konnen eske yap apiye oubyen rejte nominasyon li pou plas minis defans Lèzetazini an. Ann atandan, minis sòtan an, Leon Panetta, ap kontinye okipe plas la jiskaske Sena a va konfime nominasyon yon siksesè.
XS
SM
MD
LG