Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik : Mesaj Prezidan Barack Obama sou Eta Inyon an


Prezidan Barack Obama nan mesaj sou "Eta Inyon" an, madi 12 fevriye 2013. A dwat: Prezidan Chanm Reprezantan an, John Boehner (depite Ohio); a goch: Vis Prezidan Joe Biden.
Prezidan Barack Obama nan mesaj sou "Eta Inyon" an, madi 12 fevriye 2013. A dwat: Prezidan Chanm Reprezantan an, John Boehner (depite Ohio); a goch: Vis Prezidan Joe Biden.
Nan Washington, Prezidan Barack Obama prezante mesaj li sou « Eta Inyon an » nan sware madi 12 fevriye 2013 la devan yon sesyon Kongrè a kote manm 2 chanm yo te reyini. Lidè ameriken an di, antwòt, li gen anpil pwogrè pou l rapòte bay kongrè a ak pèp ameriken an.

Nan mesaj sa a, Misye Obama te santre atansyon n sitou sou eta yon ekonomi amerikèn ki frajil e li lanse apèl pou l mande refòm ki kapab debouche sou enèji pwòp, pote bon jan chanjman nan sistèm imigrasyon an e mete kontwòl sou sikilasyon ak itilizasyon zam nan peyi a. Prezidan an di manm Kongrè a:

“Ansanm nou rive elimine yon bann ak yon pakèt kriz. Nou kapab deklare, ak yon konfyans renouvle : eta inyon an pi fò.”

Prezidan an kontinye pou l di, koupi otomatik nan depans leta federal la ki ka antre an aplikasyon si Kongrè a pa rive jwenn yon antant sou bidjè a, kapab ralanti kwasans ekonomi an e fè gwo dega nan domèn tankou edikasyon, enèji ak rechèch medikal. Misye Obama deklare:

« Pèp ameriken an pa atann ni aske gouvènman an rezoud tout pwoblèm; li pa atann ni aske nou menm ki nan sal sa a, nou tonbe dakò sou tout kesyon. Men, pèp la atann ni aske nou fè enterè peyi a pase anvan enterè pati politik. »

Pou sa ki konsène enplikasyon Lèzetazini nan lagè Afganistan an, Misye Obama anonse yon afè de 34 mil sòlda ameriken gen pou kite peyi sa a e retounen lakay yo nan 12 mwa kap vini la yo. Sa kapab pare wout la pou administrasyon an reyalize plan li genyen pou l fè tout « twoup de konba yo » kite Afganistan anvan fen ane 2014.

Nan mesaj sou «Eta Inyon an » madi swa, menm jan Misye Obama te fè nan diskou li nan seremoni evestiti ki te dewoule mwa pase a e kote li te tanmen yon 2èm manda kòm prezidan ameriken, li santre atansyon n sou travay ki dwe fèt pou bay ekonomi amerikèn nan plis jarèt. Se konsa li lanse apèl bay lidè tou lè 2 pati yo nan Kongrè a pou l ankouraje yo apiye nouvo lwa ki kapab ede klas mwayèn nan, kreye travay, epi redui defisi nasyonal la. Prezidan an di:

“Pa gen anyen nan sa m pwopoze aswè a ki ka mete pa menm yon santim an plis sou defisi nou an. Sa pa yon pi gwo gouvènman nou bezwen; men yon gouvènman ki pi piti, ki byen tabli priyorite nou yo e ki envesti nan yon kwasans a baz elaji.”

Yon lòt kote, Misye Obama lanse apèl bay Kongrè a pou l vote nouvo lwa sou sikilasyon ak itilizasyon zam nan peyi a. Li pale pou l di, depi yon nonm tèt pa drèt te touye anba koutzam 20 ti elèv ak 6 pwofesè nan yon lekòl nan Eta Connecticut nan mwa desanm 2012 la, gen plis pase mil moun ki tonbe anba bal asasen Ozetazini. Prezidan an te gen yon panse espesyal pou yon jènfi 15 zan, Hadiya Pendleton, moun Chicago, ki te mouri asasinen kèk jou sèlman aprè li te patisipe nan youn nan parad ki te dewoule Washington nan okazyon seremoni envestiti prezidan an. Misye Obama deklare :

« Sa gen 3 semèn sèlman, li te isit la nan Washington, avèk kondisip de klas li yo ; li tap pèfòme pou peyi a nan seremoni envestiti mwen. Epi, yon semèn aprè, yo tire li, yo touye li sou yon plas piblik nan Chicago aprè li te sòt lekòl; sa rive tou prè kote m gen mezon prive mwen. »


Papa ak manman defen Hadiya Pendleton te prezan nan Kongrè a madi swa pou yo tande mesaj prezidan Obama a, ansanm ak manm fanmi lòt moun ki te viktim kalte asasina pa bal sa yo. A pati de jounen mèkredi a e pandan rès semèn nan, Prezidan Obama prale nan eta Kawolin di Nò, JòJi ak Ilinwa pou l chache apui pèp la pou pwogram gouvènman n nan.

Konstitisyon Lézetazini an fè prezidan ameriken an obligasyon « pou l prezante de tan zan tan devan Kongrè a pou l bay palmantè yo yon rapò sou sitiyasyon jeneral la nan peyi a… » Se sa yo rele Ozetazini «Mesaj sou Eta Inyon an.”
XS
SM
MD
LG