Accessibility links

Breaking News

Demisyon Pap Benwa 16 - Reyaksyon nan Lemond e ann Ayiti


Desizyon chèf legliz katolik womèn nan, pap Benwa 16, pran pou l bay demisyon nan dat 28 fevriye pwochen --desizyon li anonse lendi 11 fevriye a-- pwovoke reyaksyon nan mitan kominote katolik yo tou patou nan lemond.

Nan mesaj kote Souvren Pontif l anonse lap kraze yon kite sa a, li atire atansyon sou enpòtans prensip inivèsèl yo ki chita sou lapè, amoni ak rekonesans anvè Gran Mèt la, yon bagay tout sosyete, tout nasyon, tout fanmi ta dwe swete pou tèt yo, daprè pap la. Benwa 16 te pwofite okazyon an pou li swete tout moun ki te prezan pou tande li, petèt yon dènye fwa, yon vi chaje ak jwa ak pwosperite.

Depi nouvèl demisyon pap la te sòti Vatikan, se toupatou nan lemond reyaksyon ap tonbe kote moun yo fè konnen kijan nouvèl sa a ba yo sipriz e menm choke yo. Pa egzanp, nan Filipinn --kote majorite popilasyon an se fidèl katolik-- achevèk José Palma, prezidan Konferans episkopal peyi a, fè konnen li pat atann ni ditou aske pap la fè anons sa a, menm si li te byen konnen Souvren Pontif la pat tèlman an bòn sante.

Monseyè Palma pale pou l di:
“Tankou pou anpil lòt moun, se yon gwo sipriz e menm yon chòk pou mwen, le fèt ke pap la anonse demisyon n nan. Paske, menm si mwen te okouran eta sante li sete eta sante yon moun ki te gen yon fizik fèb, mwen pat atann mwen aske nouvèl la vini vit konsa."

Nan peyi d Ayiti, Monseyè Louis Kébreau, dirijan eveche Kap-Ayisyen an --ki tap fè kòmantè sou nouvèl la pou Lavwadlamerik-- di desizyon pap la montre non sèlman li se yon moun ki gen kouraj, men an menm tan tou sa montre kijan li ranpli ak imilite. Daprè Monseyè Kébreau, tout moun ta dwe pran egzanp sou Souvren Pontif la e rekonèt ke nou tout se imen, nou tout se lòm e genyen limit nan sa nou kapab fè.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute ekstrè yon entèvyou Monseyè Kébreau bay kolaboratè nou Jean-Pierre Leroy.
XS
SM
MD
LG