Accessibility links

Breaking News

FLASH, FLASH, FLASH: PAP BENOIT 16 ANONSE DEMISYON LI. LAP KITE PONTIFIKA A 28 FEVRIYE 2013


PAP BENOIT 16, CHEF LEGLIZ KATOLIK WOMEN AN.
PAP BENOIT 16, CHEF LEGLIZ KATOLIK WOMEN AN.
Chèf Legliz Katolik Womèn nan, Benoît 16, anonse lap mete fen nan pontifika li a 28 fevriye. Depi anviwon 600 zan, se premye pap kap demisyonnen nan tèt Vatican an. Souvren Pontif la fè anons la lendi 11 fevriye 2013 la. Li di se pa ni youn ni 2 egzamen konsyans li te fè anvan pou l te rive pran desizyon an.

Pap Benoit 16 presize lap kraze yon kite sa paske fòs li pa sispann bese nan 2 zou 3 mwa ki pase yo. Souvren Pontif la di -nap site :

« Mwen rive nan yon pwen kote m rekonèt mwen pa gen kapasite pou mwen ranpli kòmsadwa misyon Bondye konfye m nan. »

Chèz boure Sen Pyè a pral rete vid yon fwa Benoit 16 va kite papote a nan fen mwa fevriye a. Lè sa a, konklav kadinal yo pral genyen pou yo reyini pou yo eli yon lòt pap. Nan deklarasyon Benoit 16 pibliye a, li di tou –nap site ankò :

« An nou mete konfyans nou nan Pastè Siprèm nou an, Seyè Jezi Kri, pou Li pran swen Legliz li a ki sen ; ann nou priye manman sent Li a, Mari, pou nou mande l ede Pè Kadinal yo. »

Pap la fè konnen tou nan lavni li pral sèvi legliz avèk anpil devouman « atravè yon vi mwen pral konsakre a la priyè.»

Pap Benoît 16 gen 85 an edmi. Li se premye pap ras alman ki te monte sou twòn Vatikan an apre plis pase mil ane; li te ranplase Pap Jean-Paul 2 nan dat 19 avril 2005.

Benoît 16 te pran nesans sou non Alois Ratzinger. Nan kominike Vatikan an, li di "li konsyan fòs li pa pèmèt li egzèse kòmsadwa ministè legliz la".

XS
SM
MD
LG