Accessibility links

Breaking News

Yon Manman Tanpèt Nèj Paralize Vil Nouyòk ak Vil Boston, Nan Rejyon Nò-ès Etazini


Yon kokenn tanpèt nèj kouvri ak yon "dra blan" pifò rejyon nò-ès Lèzetazini, sòt New Jersey an pasan pa Nouyòk pou rive nan Eta Maine.
Yon kokenn tanpèt nèj kouvri ak yon "dra blan" pifò rejyon nò-ès Lèzetazini, sòt New Jersey an pasan pa Nouyòk pou rive nan Eta Maine.
Anpil vil sou kòt Nò-ès Lèzetazini, tankou Nouyòk ak Boston, twouve yo paralize samdi 9 fevriye a akòz yon kokenn "blizzard" ki lage ant 30 ak 97 santimèt nèj sou rejyon "Nouvelle-Angleterre" a. Tanpèt la responsab lanmò omwen 8 kretyen vivan-pami yo, yon tibway ki mouri entoksike ak gaz kabonik, plis yon granmoun fi 81 ki pèdi lavi li lè yon veyikil frape l pandan li tap debleye lari devan lakay li ak yon denejez.

Majistra kominal Nouyòk la, Michael Bloomberg, di Nouyòk "évité le pire", (konprann sitiasyon an te ka pi grav, te ka pi mal) malgre 30 santimèt nèj ki tombe sou vil la.

Li mande otomobilis ak chofè rete lakay yo, pa pran lari, pou pèmèt travayè lakomin ak ekip espesyalis yo fè travay debleyaj ak netwayaj la ki kapab bout, dapre sa'l di, disi fen jounen samdi a.

Van ki t ap soufle ak plis pase 100 kilomèt alè, lage 60 santimèt nèj sou pifò rejyon nò-ès la. Rive pou finisman jounen samdi 9 fevriye a, lè tanpèt la va finalman pran chimen lanmè pou li, vil Boston ka resevwa jiska 75 santimèt nèj.
Tanpèt la responsab lanmò omwen 8 kretyen vivan-pami yo, yon tibway ki mouri entoksike ak gaz kabonik, plis yon granmoun fi 81 ki pèdi lavi li lè yon veyikil frape l pandan li tap debleye lari devan lakay li ak yon denejez.

Omwen 645.000 moun pa gen kouran elektrik–pami yo, 412.000 nan Massachusetts ak 172.000 nan Rhode island. Konpayi avyon yo anile apeprè 5 mil vòl, e pa gen tren non plis ki prale ni Nouyòk ni Boston.

Lari yo "blanch, "... (yo pa gen chat) akòz entèdiksyon ak lòt restriksyon otorite yo mete pou mande rezidan ki abite nan zòn (blizzard la) move tan afekte rete lakay yo. Sèvis Meteyowoloji Nasyonal Etazini an fè konnen vwayaje nan kondisyon sa a se yon desizyon danjere si se pa enposib.

Gouvènè Eta Nouyòk, Massachusetts, Rhode Island, Connecticut ak Maine dekrete Eta dijans. Tanpèt nèj la frape Nouyòk ak New Jersey, 2 Eta ki poko finn repran "kap yo" apre dega Sipè tanpèt "Sandy" te fè lakay yo nan mwa oktòb ane pase a.

Majistra Bloomberg ofri sèvis travayè vwari Nouyòk yo pou ede rejyon ki sibi plis dega anba tanpèt la. Li di "lè nou nan pwoblèm, peyi a pote'n konkou... e nou vle asire n ke nou fè menmman parèyman"...(pou lòt kote ki gen plis pwoblèm).

Espesyalis tan yo di nouvo blizzard la kapab fè konpetisyon ak blizzard 1978 la ki te "antere" vil Boston, Eta Massachusetts, anba 70 santimèt nèj e paralize pandan plizyè jou rejyon Nouvelle Angleterre la.
XS
SM
MD
LG