Accessibility links

Breaking News

Mezantant ant Chanm Depite a ak Sena a sou Fòmasyon yon Komisyon Bi-kameral


Ann Ayiti, prezidan chanm depite a, Jean Tolbert Alexis, rejte yon ultimatum kap fini mèkredi 6 fevriye 2013 la e ke prezidan sena a, Simon Dieuseul Desra, lanse bay chanm bas la pou l deziye delege li nan yon komisyon bi-kameral ki pral chwazi reprezantan palman an nan Konsèy Elektoral la.

Misye Alexis di chak nan 2 chanm yo gen lwa entèn yo, yo chak travay an tout endepandans pa rapò ak lòt la, e sena a pa gen okenn dwa pou l chache enfliyanse desizyon chanm depite a.

Daprè ultimatum nan, depite yo genyen jiska fen jounen mèkredi a pou yo mete sena a okouran non palmantè yap chwazi pou fè pati komisyon an.

Anvan sa, Misye Desra te denonse desizyon chanm bas la te pran pou l chwazi 9 manm –olye de 5- pou l voye nan komisyon an.

Prezidan sena a te lonje dwèt tou sou le fèt ke preske tout moun lidè chanm depite a te chwazi yo, se manm pati majoritè a ki pwòch pouvwa an plas la.

Yon pòtpawòt depite yo te reponn pou di, puiske chanm bas la genyen plis manm pase sena a, se toutafè nòmal pou gen plis depite ke senatè nan yon komisyon.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute yon korespondans Rotchild Francois Junior depi Pòtoprens
XS
SM
MD
LG