Accessibility links

Breaking News

Etazini - Teworism : Minis Jistis Eric Holder Defann Politik Administrasyon Obama a


Minis jistis ameriken an, Eric Holder, defann politik administrasyon Obama a ki otorize itilizasyon aparèy telegide pou touye moun yo sispèk kap konplote pou komèt zak teworis kont Lèzetazini –e menm sitwayen ameriken. Misye Holder deklare se yon zouti enpòtan pou Lèzetazini konbat teworism:

“Premye sousi nou se bay pèp ameriken an sekirite. Men nou dwe fè sa yon fason ki koresponn avèk lwa nou yo e ki konfòm ak prensip nou yo. Baz aksyon sa yo se yon lwa Kongrè a ki pèmèt nou lanse operasyon kont al-Kayda ak asosye li yo pa sèlman nan Pakistan ak Afghanistan, men tou lòt kote a travè lemond.”

Minis Holder pale konsa nan jounen madi 5 fevriye 2013l a aprè yon memo sekrè Depatman Deta te di klèman pawòl sou egzistans politik sa a sòti deyò, piblik la vin okouran de li.

Depi Lèzetazini te voye avyon telegide nan Mwayen Oryan an ak rejyon Azi di Sid la, La Mezon Blanch te defann politik ki apwouve asasina moun otorite ameriken yo sispèk kap prepare arak teworis kont peyi a ou kont enterè ameriken.

Kòm jistifikasyon yon politik konsa, otorite yo nan administrasyon Obama a di teworis yo te preske rive nan pwen pou yo lanse atak yo.
XS
SM
MD
LG