Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid: Arestasyon 9 ansyen rebèl peyi Repiblik Demokratik Kongo


Otorite nan Pretorya di yo fè arestasyon sa yo byen bonè madi 5 fevriye 2013 la nan provens Limpopo, nan nò Afrik di Sid ; men yo pa bay plis detay.

Sispèk yo dwe konparèt devan yon tribinal pi ta nan jounen an, pou yo reponn akizasyon kap peze sou do, daprè lwa Afrik di Sid sou ssistans militè etranje.

Gwoup M23 gen ladan n ansyen rebèl ki te fòme lame kongolèz la daprè yon akò lapè pati konsène yo te siyen nan lane 2009.

Rebèl yo te pati kite lame a ane pase pou yo te dononse diskriminasyon ak move tretman.
XS
SM
MD
LG