Accessibility links

Breaking News

32 Moun Omwen Mouri e Plis Pase 100 Blese nan yon Eksplozyon o Meksik


Nan Meksiko, kapital peyi Meksik, yon gwo eksplozyon kraze youn nan bilding ki pi gwo e pi wo nan vil la, kote omwen 32 moun pèdi lavi yo tandiske plis pase 100 lòt blese. Daprè otorite yo, eksplozyon an fèt nan aprè-midi jounen jedi 31 janvye 2013 la, nan sou-sòl katye-jeneral konpayi tetwòl leta meksiken an, PEMEX, yon batiman ki te genyen 54 etaj.

Anbilans ak sekouris te kouri ale sou plas, pandan moun ki tap travay nan bilding nan e ki te bloke anndan n, tap fè sa yo te kapab pou yo sòti.

Nouvèl yo fè konnen ekspozyon an fèt nan besment batiman an oubyen besment yon lòt kay ki tou prè a. Minis enteryè meksiken an, Miguel Angel Osorio Chong, pale pou l di otorite yo pral mennen yon ankèt total sou sa k rive a, men yo pap fè sa tousuit. Misye Osorio Chong deklare:

“Priyorite a kounye a, se chache sove moun ki byen kapab rete bloke toujou anba debri batiman an, epi wete kadav sila yo ki deja mouri. Biwo leta santral la ak biwo gouvènman vil la, mete sou òganizasyon prive ki la pou pote sekou yo, ap kowòdone aksyon yo sou plas pou chache moun ki ta vivan toujou epi deplase kadav yo.”

Menmsi PEMEX se youn nan pi gwo konpayi petwòl nan lemond, pwodiksyon li te bese nan 2 zou 3 ane ki pase yo. Konpayi sa a te resevwa kritik pou koripsyon ak mank efikasite. Ensidan an rive nan moman òm politik meksiken yo ap fè deba sou posiblite pou gouvènman an pote refòm nan PEMEX epi pèmèt antreprenè etranje envesti nan konpayi an.
XS
SM
MD
LG