Accessibility links

Breaking News

Adis Abeba - Etyopi: Konferans Entènasyonal sou Sitiyasyon an nan Mali


Nan Mali, prezidan pwovizwa a, Dioncounda Traore, fè konnen repons kominote entènasyonal la pote bay kriz ki pete nan peyi li a, montre sèl mwayen pou yo rezoud sitiyasyon an, se gras ak inite epi itilizasyon tout resous ki disponib yo.

Misye Traore pale konsa madi 29 janvye 2013 la nan vil Adis Abeba, kapital peyi Etyopi, kote reprezantan Inyon Afrik la, Nasyon Zini ak Inyon Ewòp la, reyini pou yon konferans kote y ap chache jwenn 500 milyon dola pou apiye yon fòs entèvansyon Inyon Afrik la voye nan Mali.

Li lanse apèl sa a nan moman fòs militè fransè ak malyen ap kontinye operasyon yo lanse pou yo repran pati nò Mali ki te tonbe anba men rebèl islamis yo.

Inyon Afrik la pwomèt pou l bay fòs entènasyonal Lafrik ap dirije a yon afè de 50 milyon dola; blòk ekonomik wes-afriken an ak Afrik di Sid, yo chak pran angajman pou yo bay 10 milyon dola, tandiske kèk lòt peyi --tankou Gana, Nijerya ak Etyopi-- pwomèt lòt tip asistans.

Direktè kominikasyon blòk ekonomik wes-afriken an, Sonny Ugoh, ki pale ak Lavwadlamerik, deklare efektif 3 mil 300 zòm Inyon Afrik la pwomèt pou l voye nan Mali a, kapab monte rive ant 5 mil a 6 mil sòlda ki pral kore avantaj twoup fransè ak malyen yo deja reyalize sou teren an.

Msiye Ugoh di:
« Sa k enpòtan an, se pou genyen yon deplwaman fòs rapid de fason pou n kapab apiye sòlda fransè ak malyen yo ki deja reyalize bon jan pwogrè nan efò yap fè pou yo chanje sitiyasyon an nan rejyon nò a. Alòs, nou bezwen voye gason sou teren an pou yo konsève tèritwa nou repran yo».

Lafrans te lanse operasyon militè a nan Mali pi bonè nan mwa janvye a, aprè rebèl islamis yo, ki te nan pati nò a, te kòmanse mache sou kapital la, Bamako.
XS
SM
MD
LG