Accessibility links

Breaking News

Etazini - Imigrasyon: Nouvo Plan Refòm Bi-Patizan sou Sistèm Imigrasyon Ameriken an


Ozetazini, yon pwopozisyon tou nèf byen kapab pote espwa, anvan lontan, bay plizyè milyon imigran ilegal kap viv nan peyi a; an menm tan tou se yon pwopozisyon ki pwovoke gwo lapèrèz nan kèk milye ki panse sistèm imigrasyon ameriken an san kontwòl, aloske gen moun ki lanse avètisman pou di, le fèt ke otorite yo pase plizyè lane san yo pat pran aksyon sou dosye a, sa kapab rann sistèm nan konplike e difisil pou refòme.

Pwopozisyon an jwenn apui yon gwoup senatè melanje ki gen ladan n demokrat kou repibliken, e li mande pou otorite imigrasyon yo mete a la dispozisyon imigran yo "yon chemen rijid, men jist" pou yo vin sitwayen ameriken. Yon lòt kote, nouvo plan an ta kapab pote chanjman ki atire e kenbe nan peyi a travayè ki kalifye, tandiske li ta garanti ke tout imigran k ap aplike pou yon travay, se moun kap viv legalman nan peyi a.

Reyaksyon sou nouvo plan sa a ki kapab pote chanjman nan sistèm imigrasyon ameriken an:

Kèk gwoup, tankou Federasyon pou Refòm nan Sistèm Imigrasyon Ameriken an (abreje anglè FAIR) pa resevwa pwopozisyon palmantè sa a avèk satisfaksyon tèlman. Jack Martin, direktè pwojè gwoup la, pale pou l di:

« Jiska yon sèten degre, plan sa a pa nouvo ditou. Se tou senpleman yon fotokopi yon plan yo te eseye aplike nan ane 2007 pou pote refòm total e konplè nan sistèm imigrasyon an, avèk espwa yon plan konsa te kapab pase nan Kongrè a. Ebyen, li pat pase. »

Pi gwo preokipasyon responsab yo nan FAIR, se le fèt ke nouvo plan refòm nan ta ouvè chemen an twò fasilman pou imigran ilegal vin sitwayen ameriken; paske, daprè gwoup la, yon posiblite konsa pa gen lòt non ke « yon amnisti jeneral ». Jack Martin kontinye pou l di :

«Piblik la, an jeneral, pa dakò ak yon pwopozisyon konsa, paske yo ta vle pou tout etranje kap antre nan peyi a, vini isit sou yon baz legal; daprè yo, nouvo plan sa a ofri yon amnisti ki kapab ankouraje moun pratike imigrasyon ilegal plis toujou. »

An tou ka, plan palmantè ameriken yo rele « yon chemen rijid, men jist » e ki kapab pèmèt imigran ilegal vin sitwayen ameriken pi fasilman, se egzatteman yon mwayen anpil espesyalis kap defann dwa imigran yo ap reklame depi lontan. Daprè yo, si tout pwojè refòm te echwe jiskaprezan, se paske yo pat genyen yon plan konsa ladan yo. Espesyalis sa yo di san yon plan konsa, travayè etranje ki san papye yo ap toujou izole e yo pap gen okenn dwa ni pwoteksyon.
XS
SM
MD
LG