Accessibility links

Breaking News

Etazini - Imigrasyon : Yon Nouvo Pwopozisyon Lwa pou Pèmèt Moun ki nan Peyi a Ilegalman Tounen Sitwayen Ameriken


Ozetazini, yon gwoup nan senatè ki gen ladann demokrat kon repibliken ap pare lendi 28 janvye 2013 la pou prezante bay peyi a yon ekip refòm rapid sou sistèm imigrasyon an , pami yo desizyon pou moun kap viv ilegalman sou teritwa ameriken an tounen sitwayen peyi a.

Pwopozisyon sa a , ki se yon dokiman ki gen 5 paj , kòmanse ak yon deklarasyon palmantè yo ki di yo rekonèt sistèm imigrasyon Etazini an « kraze ».

Piblikasyon dokiman sa a vini yon jou anvan dikou prezidan Barack Obama ap panifye pou l fè madi 29 Janvye a a kote l pral fè egzòtasyon pou yon aksyon an favè refòm nan sistèm imigrasyon an.
XS
SM
MD
LG