Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Obama Nonmen 2 Moun Pou Dirije 2 Ajans Finansye


Ozetazini , Prezidan Barack Obama nonmen 2 moun pou dirije 2 ajans ki la pou pwoteje envestisè.

Li mande ansyen pwokirè Mary Jo White pou dirije Komisyon Sekirite ak Echanj ki gen ti non SEC e li mete Richard Cordray nan pòs direktè Biwo pou Pwoteksyon Finans Konsomatè a.

Gen refòm k ap fèt nan SEC pou l ka anpeche envestisè antre nan pratik riske ki te lakoz kriz finansye ke peyi a ap travèse a.

Biwo pou Pwoteksyon Finans Konsomatè a okipe kesyon kat kredi ak lavant kay ke sitwayen ap achte sou kredi.
XS
SM
MD
LG