Accessibility links

Breaking News

Etazini : Senatè John Kerry sou wout pou tounen Nouvo Sekretè Deta ameriken


Prezidan Komisyon afè Etranjè Sena ameriken an, Senatè John Kerry, prezante devan tokay li yo pandan yon seyans konfimasyon kòm nouvo sekretè Deta Lèzetazini.

Nan deklarasyon li fè nan kòmansman seyans depozisyon an, senatè Massachusetts e ansyen kandida alaprezidans la deklare, Lèzetazini dwe “mete lòd nan finans li” si li vle kontinye rete lidè mond lan.

Senatè Kerry di: “Plis ke janmè anvan, politik etranjè ak politik ekonomik se menmman-parèyman. Lemond ap fè konpetisyon pou resous ak mache mondyal yo. Chak jou ki pase kote Lèzetazini gen ensètitid sou angajman li nan domèn sa a, kote li refize poze bon pye l devan e ranpòte siksè, kote li demontre li pa gen volonte pou l jwe wòl lidè li, se yon jou kote nou febli nasyon nou an.”

Misye Kerry pase 28 tan li genyen nan Sena a nan tèt Komisyon afè etranjè gran kò a , e pandan 4 dèye ane yo se li ki te dirije pwosedi yo.

Sekeretè Deta sòtan an, Hillary Clinton , te entwodui misye Kerry devan Komisyon an e li deklare senatè Massachusetts la pral vini avèk yon gwo dosye “lidèchip” nan Depatman Deta a.

Misye Kerry pwomèt ke gouvènman Obama a pral kontinye chèche yon solisyon diplomatik pou pwogram nikleyè Iran an, men tan an ap pase vit pou Pyongyang montre transparans nan dosye sa a.
XS
SM
MD
LG