Accessibility links

Breaking News

Yemen Anonse Lanmò Said al-Shihri yon gwo Lidè Al-Qaida


Peyi Yemen fè konnen responsab ameriken yo libere yon saoudyen ki te nan Bè Gwantanamo nan Kiba pandanke yo anonse tou lanmò nimewo 2 al-Qaida nan preskil Arab la .

Yon kominike gouvènman an fè soti jedi 23 janvye a presize , Said al-Shirihri mouri akoz blesi li te resevwa nan yon operasyon anti-teworis nan finisman mwa novanm nan. Ajans nouvèl leta yemenit la presize, kòmandan al-Qaida te tonbe nan koma depi menm mwa novanm nan .

Ni ajans nouvèl la ni kominike ki soti nan Konsèy Siprèm Sekirite Nasyonal pa bay dat lanmò a , men jounal saoudyen »Ukaz » di lanmò a rive nan finisman mwa desanm pase a.
Avan sa, Yemen te anonse al-Shirhri te mouri nan dat 10 septanm ane pase apre yon atak ak avyon telegide nan pwovens Hadramawt . Men egzamen ADN yo te fè sou kadav la te di moun ki te mouri a se pat al-Shihri.

Kèk semèn apre sa a , yon kasèt ki te soti nan entènèt sou yon sit teworis kote moun ki tap pale a te idantifye tèt li kòm al-Shihri ki t ap demanti nouvèl ki fè konnen l te mouri.
XS
SM
MD
LG