Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Kore di Nò Aprè Ranfòsman Sanksyon l’ONU yo


Kore di Nò anonse li pral fè yon 3èm tès nikleyè e lap lanse plis fize toujou nan lespas, kòm repons pou sanksyon pi sevè Nasyonzini enpoze kont li yo. Ajans nouvèl ofisyèl peyi a pibliye yon atik kote li di, avèk aksyon otorite yo pran la a, yo vize sa ajans la rele « prensipal ennmi peyi a, an palan de Lèzetazini ». Atik la, ki repete yon deklarasyon komisyon defans nasyonal la fè, pa di ki lè Kore di Nò ap fè lansman an oubyen tès la.
Responsab nò koreyen yo lanse menas sa a yon jou aprè tout manm Konsèy Sekirite Nasyonzini an te kondane yon lansman fize peyi a te fè nan mwa desanm ane pase a --- yon aksyon yo konsidere kòm yon vyolasyon sanksyon l’ONU ki deja egziste e ki entèdi Kore di Nò devlope misil ak teknoloji nikleyè. Si Pyongyang poze aksyon sa a, sa tap fè 3èm fwa li ta reyalize yon tès nikleyè apre Nasyonzini te kondane tout lansman wokèt a long-pòte peyi a ta vle reyalizze.
Ministè defans sid koreyen an di, jedi 24 janvye a, li posib pou teknisyen Kore di Nò fin prepare enstalasyon kote yo pral fè pwochen tès nikleyè a. Se tann yap tann lòd lidè peyi a, Kim Jong Un. Kèk minit anvan Pyongyang te lanse dènye menas la, anvwaye espesyal Lèzetazini sou dosye nikleyè Kore di Nò-a, Glyn Davies, ki tap pale nan Seoul, te di jounalis yo :

« Sa tap yon provokasyon total. Sa ta pwovoke yon bak nan efò kap fèt pou jwenn yon solisyon pou pwoblèm ki la depi lontan e ki anpeche preskil Kore a reyini. Mwen panse li trèz enpotan pou Nò Koreyen yo pa fè tès sa yo.

Ministè afè etranjè sid koreyen an fè konnen regrè pwofon li devan menas Kore di Nò yo . Lachin, ki se pi gwo alye Kore di Nò, ankouraje tout pati yo pou yo mete dlo nan diven yo.
XS
SM
MD
LG