Accessibility links

Breaking News

Rad Michelle Obama : Sansasyon Sware Prestasyon Sèman Prezidan Obama a


Si tout je te brake nan jounen prestasyon sèman an sou prezidan Barak Obama, se Premyè Dam nan, Michelle Obama, ki te plis kapte atansyon piblik la nan sware envestiti a. Madam Obama te bliye kòm mil solèy nan yon wòb ribi wouj li te mete pou “Bal Kòmandan an Chèf la” kit e dewoule lendi swa.

Rad li te mete a se yon bèl wòb byen plise ; e koutirye ki te fè rad sa a se Jason Wu. Misye Wu se yon jèn koutirye taiwanè ; se li menm tou ki te fè rad blan an swa chifon Michèlle Obama te mete pou sware premye envestiti Misye Obama a nan ane 2009. Kounye a, rad sa a ekspoze nan Mize Nasyonal Istwa Lèzetazini nan Enstitisyon Smithsonian, nan Washington. Konsèvatris mize sa a se Lisa Kathleen Graddy. Madam Graddy di nou :

« Moun toujou renmen founi je gade pou yo wè sa premyè dam nan mete sou li. Se yon pèsonalite trè piblik. Se kòmsi li se pwopriyete prive nou tout. Li reprezante nou, e konsa nou enterese konnen kijan li prezante tèt li. »

Pou listwa, nap di Laura Bush – madanm Prezidan Goerge W. Bush-- te mete yon rad koulè ajan nan seremoni ki te make envestiti mari li pou yon 2èm manda sou pouvwa a nan ane 2005. Hillary Clinton te mete yon wòb an dantèl chaje ak pèl nan ane 1993. Rad yon manch, tip Holliwood, Nancy Reagan te mete nan ane 1981 an, pat sanble ditou ak rad Rosalyn Carter te mete nan ane 1977 la: sete yon rad an chiffon –tankou espesyalis lamòd yo di sa a-- e li te deja parèt an piblik avèk li plizyè ane anvan sa. Men rad espesyalis yo prefere a se yon rad Jackie Kennedy –madanm Prezidan John F. Kennedy- te mete nan ane 1961.

Kidonk, sitwayen ameriken yo atache anpil enterè nan rad Premyè dam Lèzetazini an mete sou li, menm jan yo enterese nan travay koutirye ki koud rad sa a. Se yon tradisyon ki date depi ane1700-yo, daprè Lisa Kathleen Graddy. Madam Graddy kontinye pou l di –nap site ankò:

« Vrèman vre, depi Martha Washington, nan fen ane 1770 yo, moun te toujou enterese nan sa Premyè Dam nan mete sou li. Nan repòtaj jounal yo, nan nouvèl ak zen sou aktitive sosyal nan Washington, nan tout bagay sa yo moun ap pale de sa Premyè Dam nan mete sou li. »

Ane sa a, òganizatè yo te yon ti jan diminye sou selebrasyon yo nan okazyon envestisti Prezidan Obama a. Te genyen 2 bal ofisyèl sèlman, swa 8 an mwens kantite ki te genyen pou premye envestiti prezidan an an janvye 2009 kote 10 bal te dewoule nan kapital federal al. Otorite yo mete fèt sa yo sou pye pou yo manifeste yon rekonesans espesyal pou moun ak konpayi ki te pote kontribisyon yo nan kanpay prezidansyèl la e rekonpanse yo yon fason oubyen yon lòt; se pa pou satisfaksyon pèsonèl Prezidan an oubyen Premyè Dam nan, daprè istoryen Richard Norton Smith.

Erezman pou Misye Obama, nan okazyon fèt ki dewoule ane sa a, pi fò atansyon piblik la te santre sou madanm ni, Michelle. Konsa prezidan an pase moman sa yo nan jounen an san l pa resevwa kritik kèk sèktè toujou lanse kont pèsonalite ki okipe Mezon Blanch la, kèlkeswa pati politik li.
XS
SM
MD
LG