Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Kòmanse yon 2èm Manda kòm Prezidan Ameriken


Prezidan Barack Obama ap pale nan seremoni prestasyon sèman li nan dat 21 janvye 2013 la.
Prezidan Barack Obama ap pale nan seremoni prestasyon sèman li nan dat 21 janvye 2013 la.
Seremoni prestasyon sèman Barack Obama kòm prezidan ameriken dewoule lendi 21 janvye 2013 la sou yon platfòm otorite yo te enstale sou kote lwès Kongrè Lèzetazini an. Sete yon seremoni ekstwòdinè ni pou kalite ak enpòtans li kòm evennman, ni pou nivo patisipasyon ak prezans popilè a.

Se Prezidan Kou Siprèm nan, Jij John Roberts, ki te prezide seremoni an an prezans yon foul ki, daprè kalkil ki fèt, te monte rive anviwon 800 mil moun. Nan sèman Misye Obama fè a, li di :

“ Mwen menm, Barack Hussein Obama, mwen sèmante solanèlman pou m ekzekite fidèlman fonksyon m kòm Prezidan dè Zetazini Damerik. E mwen va fè tout sa ki nan posiblite m pou m prezève, pwoteje e defann konstitisyon Lèzetazini an. Ke Bondye ede m fè sa. ”

Apre sa, sete tou pa vis-prezidan eli a, Joe Biden, pou l te prete sèman pa l. Se youn nan 8 lòt jij kou siprèm nan, Sonia Sotomayor, ki te prezide seremoni sa a. Nan sèman sa a, Misye Biden di :

« Mwen menm, Joseph Biden, mwen sèmante solanèlman pou m egzekite fidèlman responsablite ki asosye ak fonksyon mwen pare pou m okipe la a. Ke Bondye Ede m fè sa a. »

Aprè Prezidan an ak Vis-Prezidan an te fin prete sèman, Misye Obama te fè yon diskou kote li prezante vizyon li pou avni Lèzetazini epi li pale de fason peyi a kapab leve diferan defi ki devan l jounen jodi a.

Nap repwodui tradiksyon kreyòl kèk pasaj nan mesaj Prezidan Obama mete devan pèp ameriken an ak lemond nan okazyon prestasyon sèman li kòm 44èm prezidan Etazini Damerik.

« Chak fwa nou reyini pou prestasyon sèman yon prezidan, nou temwen fòs dirab konstitisyon an. Nou afime pwomès ki makònen ak demokrasi nou an. Nou raple ke lakòl ki kole peyi sa a ansanm, se pa koulè po nou, ni relijyon nou, ni orijin non nou. Sa ki fè nou eksepsyonèl, sa ki fè nou se Ameriken, se atachman nou ak yon ideyal ki chita nan yon deklarasyon ki te fèt sa gen plis pase 2 syèk. »

« Atravè tout bagay sa yo, nou pa janm renonse ak dout nou genyen vizavi otorite santral yo, menm jan nou pa sikonbe anba fo kouran lide ki fè konprann gouvènman an sèlman kapab geri tout maladi sosyete a. Le fèt ke nou selebre inisyativ ak antrepriz; le fèt ke nou ensiste sou travay di ak responsablite pèsonèl, tou sa se eleman konstan nan karaktè nou. Sepandan, nou te toujou konprann ke, lè tan yo chanje, nou dwe chanje tou; fidelite vizavi prensip fondamantal nou yo, mande respons tou nèf pou nouvo defi yo; e travay pou n prezève libète endividyèl nou yo mande finalman pou nou tout aji ansanm. »

« Nou, pèp la, nou rete kwè ke obligasyon nou, an tan ke Ameriken, se pa obligasyon vizavi tèt pa nou sèlman; men se obligasyon vizavi tout posterite a. Nou pral reponn defi chanjman klimatik yo poze, pandan nou byen konnen, si nou pa fè sa, se trayi nou trayi pitit nou yo ak jenerasyon kap vini yo. »

« Nou menm, pèp la, nou rete kwè ke tout sitwayen merite genyen yon minimòm sekirite ak diyite. Nou dwe fè chwa difisil pou n redui pri swen sante yo ak dimansyon defisi nou an. Sepandan, nou rejte panse ki vle fè konprann Lèzetazini dwe chwazi ant pran swen jenerasyon ki te bati peyi a epi envesti nan jenerasyon ki va bati lavni menm peyi sa a… paske nou sonje leson le pase kote gen moun ki te pase tout ane vyeyès yo nan lamizè e kote paran yon timoun andikape pat gen okenn kote pou yo mande èd. »

Prezidan Barack Obama prete sèman sou 2 bib òganizatè yo te mete youn sou lòt: bib Prezidan Abraham Lincoln te itilize pou l prete sèman an 1861 e 1865, epi bib pèsonèl defen lidè mouvman dwa sivik la Ozetazini, Pastè e Doktè Martin Luther King, Jr. Dayè seremoni prestasyon sèman an dewoule nan yon jounen ki make anivèsè nesans lidè mouvman dwa sivik la. Si Martin Luther King, Jr. tap viv toujou, li tap genyen 84 tran.
XS
SM
MD
LG