Accessibility links

Breaking News

Chin - Anviwonnman : Polisyon nan Peken Voye Plizyè Moun Lopital


Nan Peken, kapital Lachin, lopital yo ap ranpli rapidman ak malad kap soufri ak pwoblèm respiratwa akoz lè a ki genyen anpil materyèl polye ladan n.

Se konsa otorite yo pase lòd pou lekòl yo diminye sou aktivite elèv yo abitye fè sou lakou lekòl yo. Youn nan malad yo, ki rele Li Lee, prezante sitiyasyon an konsa :

"Mwen gen pwoblèm pou m respire. An fèt, Jodi a mwen santi m pi byen pase nan weekend nan. Map viv nan pati lès vil la kote polisyon lè a pi grav pase nan lòt zòn yo. Lè m te ouvè fenèt la maten an, mwen pat ka wè anyen. Viziblite a te ba anpil. Mwen pè pou manm fanmi m yo, espesyalman pou sila yo kap kondui machin pou yo deplase. "
XS
SM
MD
LG