Accessibility links

Breaking News

Frans: Pwochen Repons Prezidan François Hollande pou yon Demand Militè Peyi Mali


Prezidan fransè a François Hollande gen pou l anonse, vandredi 11 janvye a, yon desizyon konsènan yon demand militè peyi Mali mete devan Lafrans pandan peyi afriken an ap fè fas ak fòs islamik radikal rebèl yo kap avanse sou pati sid kapital la.

Dapre kèk sous diplomatik, Prezidan Hollande pral abòde dosye a nan yon diskou lap fè devan diplomat yo nan vil Pari pou l salye ane tou nèf la.

Prezidan pwovizwa a Mali a, Dioncounda Traoré, mande Lafrans yon asistans militè pou ede l bloke avans rebèl yo.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an òganize yon seyans rapid-rapid byen ta jedi 11 janvye a pou manm yo te fè dikisyon sou kriz la nan Mali.

Dapre delege yo, pwogrè rebèl yo menase estabilite ak entegrite peyi afriken an, e sa reprezante yon menas dirèk tou pou lapè ak sekirite entènasyonal la.
XS
SM
MD
LG