Accessibility links

Breaking News

Lend - Jistis : Jijman 3 Nèg Anba Akizasyon deske Yo Komèt Vyòl


Daprè nouvèl ki sòti nan peyi Lend, avoka k ap defann 3 nèg ki anba akizasyon deske yo te fè kadejak an gwoup sou yon dam ki mouri, anonse kliyan yo pral plede non-koupab paske: « Lapolis te fè presyon sou akize yo pou yo te konfese krim nan.»

Youn nan avoka sa yo, M. L. Sharma, di laprès lapolis te fè mank-e-melanj ak prèv yo pou yo te fè kliyan li yo parèt koupab. Misye Sharma fè deklarasyon sa a pandan li ta prale nan tribinal kote yon seyans ak tout pòt fèmen ap dewoule sou afè a.

Otorite lajistis yo deside òganize jijman an san pèdi tan pou yo reponn reyaksyon piblik endyen an ki, an jeneral, leve lavwa pou denonse britalite zak 3 akize yo ak 3 lòt nèg te komèt sou jenn dam nan.

Youn nan prevni yo se yon jèn gason ki poko gen 18 tan e otorite yo pral òganize yon jijman a-pa pou misye.
XS
SM
MD
LG