Accessibility links

Breaking News

Venezuela : Daprè Konferans Episkopal la, Maladi Prezidan Chavez la Mete Menas sou Estabilite Peyi a


Nan peyi Venezuela, gouvènman an lanse apèl bay patizan Prezidan Hugo Chavez yo pou yo desann nan lari jou ki fikse pou prestasyon sèman prezidan an –swa jedi 10 janvye 2013 la- yon fason pou yo fè yon gwo demonstrasyon pou montre apui yo pou Misye Chavez ki malad.

Prezidan Asanble Nasyonal peyi a, Diosda Cabello, anonse prezidan ak lidè anpil peyi etranje ap prezan nan Caracas pou yo patisipe nan rasanbleman an.

Mesye Cabello di:
"Pral genyen yon gwo rasanbleman nan Caracas 10 janvye a. Tout Venezuela pral desann nan kapital la, devan palè nasyonal Miraflores la, kote pèp la pral montre apui li pou prezidan nou an ; yap pote apui yo bay kòmandan Chavez yon fason djanm. Nou konnen ki responsabilite nou dwe pran e nap pran l."

Prezidan Chavez pa parèt an piblik depi li te sibi yon operasyon pou kansè nan peyi Kiba nan dat 11 desanm pase a. Daprè konstitisyon venezuelyèn nan, si prezidan an mouri oubyen si li pa gen kapasite pou l ranpli fonksyon n kòmsadwa, nouvo eleksyon fèt pou dewoule nan 30 jou pou pi piti.

Sepandan Mesye Cabello di li pap òganize eleksyon si Prezidan Chavez pa ka prete sèman jedi kap vini la a. Pandansetan, lendi 7 janvye a, lidè Legliz Katolik Womèn nan Venezuela deklare estabilite peyi a an danje akoz kriz sa a .

Monseyè Diego Padron se prezidan konferans episkopal Venezuela a. Li di :
"Objektif konferans nou an se pa fè entèvansyon piblik pou nou enteprete konstitisyon an; men nan ka sa a, nou dwe di byennèt komen peyi a ak defans Leta an danje. Manipile konstitisyon an pou reyalize yon objektif politik, se yon bagay ki moralman innakseptab."

Alye prezidan Chavez yo di prezidan an kapab prete sèman devan Kou Siprèm nan menm aprè dat 10 janvye a. Anvan Prezidan Chavez te kite Venezuela pou li te ale Kuba, li te di li ta renmen pou Vis-Prezidan an, Nicolas Maduro, tounen nouvo prezidan si li menm, Chavez, ta genyen yon pwoblèm.

Misye Chavez twouve l nan La Avàn kote lap resevwa tretman pou yon kansè nan rejyon pèlvis li. Men doktè yo pa di egzakteman ki fòm kansè sa ye.
XS
SM
MD
LG