Accessibility links

Breaking News

Vizit Ansyen Anbasadè Ameriken Bill Richardson nan Kore di Nò.


PDG Google la, Eric Schmidt (adwat) avèk ansyen Gouvènè Eta Nouvo Meksik, Bill Richardson (agoch), pandan yo tap kite Lachin pou yo ale Kore di Nò (7 janvye 2013).
PDG Google la, Eric Schmidt (adwat) avèk ansyen Gouvènè Eta Nouvo Meksik, Bill Richardson (agoch), pandan yo tap kite Lachin pou yo ale Kore di Nò (7 janvye 2013).
Ansyen anbasadè Lèzetazini nan Nasyon Zini, Bill Rachardson, avèk prezidan direktè jeneral konpayi entènèt Google, Eric Schmidt, twouve yo nan vil Pyongyang, kapital Kore di Nò, kote yap fè yon vizit ki pa ofisyèl.

Kèk èdtan anvan Misye Rochardson te rive nan peyi a, li te pale ak laprès nan vil Peken, nan Lachin, pou l di vwayaj li a genyen yon objektif imanitè e delegasyon n nan pral rankontre avèk lidè politik, ekonomik e militè nan Kore di Nò. Li te tou pwofite pou l rasire Depatman Deta Lèzetazini ki kritike demach li a. Misye Rochardson di –nap site :

“Se yon vizit pozitif. Nou pa reprezante gouvènman ameriken an. Mwen vizite Kore di Nò plizyè fwa deja; mwen te negosye avèk yo nan le pase e avèk siksè. Espwa mwen, sè ke nou va rive evalye sitiyasyon an nan Kore di Nò anba nouvo rejim ki nan peyi a kounyela a.”

Misye Richardson kontinye pou l di pwogram nikleyè nò-koreyen an ba li gwo preokipasyon e li espere vwayaj li a va ede otorite peyi a ale nan sa li rele “bon direksyon an”.

Depatman Deta kritike vwayaj la paske, daprè responsab diplomasi amerikèn yo, se pa le moman pou Misye Richard ale nan Kore di Nò. Vizit sa a ap dewoule aprè Nò Koreyen yo te teste yon fize long pòte; yon aksyon ki pare chemen an pou peyi a fè yon posib 3èm tès nikleyè.
XS
SM
MD
LG