Accessibility links

Breaking News

Retou Sekretè Deta Clinton nan Travay aprè yon Mwa Absans


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton
Sekretè Deta Lèzetazini an, Hillary Clinton, retounen nan travay lendi 7 janvye 2013 la aprè li fin refè anba yon maladi kote doktè te wete yon kayo san nan tèt li; sa te fòse chèf diplomasi amerikèn nan pase 3 nuit nan yon lopital. Doktè te ba li egzeyat semèn pase a. Konsa, Madam Clinton pase yon mwa lwen biwo li akoz pwoblèm sante; pami yo te genyen yon viris nan vant ak yon frakti nan tèt li ki te frape aprè li te tonbe endispoze pandan li te lakay li.

Depatman Deta fè konnen Sekretè Deta a pral fè kèk rankont ak tout pòt fèmen ak Asistan Sekretè Deta li yo, men li pap patisipe nan okenn aktivite piblik. Pwogram li pou rès semèn nan genyen ladan n yon rankont avèk Prezidan Afganistan an, Hamid Karzai.

Menm pandan li pat ale nan biwo, Madam Clinton te toujou rete an kontak pa telefòn avèk wo-fonksyonè Depatman Deta yo e avèk reprezantan lòt peyi Ozetazini.
XS
SM
MD
LG