Accessibility links

Breaking News

Eske La Fen di Mond se Pou Vandredi 21 Desanm 2012 la ?


Yon prèt Maya ap soufle yon lanbi pandan dewoulman seremoni Oxlajuj Batz la pou l make fen klandriye Maya a (Vil Guatemala, 12 desanm 2012)
Yon prèt Maya ap soufle yon lanbi pandan dewoulman seremoni Oxlajuj Batz la pou l make fen klandriye Maya a (Vil Guatemala, 12 desanm 2012)
« La fen di mond ap rive; jou kote dènye pwofesi ki nan liv biblik Apokalips la, ap akonpli vandredi 21 desanm 2012 la. »

Se konsa nou ta kapab entèprete pawòl nou jwenn nan previzyon ki fèt nan kalandriye nou jwenn nan yon sivilizyon ansyèn, an palan de sivilizasyon Endyen Maya yo. Pawòl la fen di mond sa a tèlman antre nan tèt kèk moun -sitou timoun ak jènn moun – genyen lekòl Ozetazini ki pap tavay nan jounen vandredi a, pou ede elèv yo « dekonprese » yo, kite lè antre nan lespri yo, paske pawòl la pote anpil presyon nan lavi yo.

Si genyen yon kote moun pran previzyon Maya yo o-serye, se yon ti vilaj an Frans ki rele Bugarah kote ou jwenn yon popilasyon 180 moun sèlman. Sepandan, depi kèk jou deja, popilasyon sa a pa sispann ogmante, paske vilaj la genyen ladan n yon montay ki, daprè kwayans moun kap viv ladan n ak etranje ki konnen istwa vilaj la, se sèl kote ki pap disparèt nan yon fen di mond, puiske gen puisans majik ki pwoteje li.

Akoz rimè ki fè konprann ti vilaj fransè a ap chape menmsi la fen di mond ta rive (akoz pouvwa majik montay la genyen), majistra vilaj la, Jean-Pierre Delord, mande konkou lame fransèz pou pwoteje zòn kote montay la sitiye a e li entèdi moun al vizite rejyon an la sòti depi vandredi rive jous dimanch, paske li pè pou twòp moun pa anvayi ti vilaj la.
XS
SM
MD
LG