Accessibility links

Breaking News

Washington ap Pare pou Akeyi Anviwon 700 Mil Moun pou 2e Prestasyon Sèman Prezidan Obama


Nan Washington, jan sa fèt chak 4 tran, preparasyon sou pye pou seremoni prestasyon sèman prezidan ameriken an, kidonk Misye Barack Obama, kandida demokrat ki te ranpòte eleksyon 6 novanm pase a devan repibliken Mit Romney.

Tankou chak fwa, espesyalis yo prevwa se pral yon seremoni ekstrawòdinè, ni nan nivo espektak, ni nan nivo patisipasyon ak prezans popilè.

Daprè previzyon ki fèt sou nivo patisipasyon popilè a, ant 600 mil e 800 mil moun ap prezan nan Washington nan dat 21 janvye a pou yo viv an dirèk evennman istorik sa a ki reprezante yon bès pa rapò ak moun ki te prezan –ameriken kou etranje- pou envestiti ki te dewoule an janvye 2009 la.

Malgre sa, majò-jeneral Errol Schwartz, ki nan tèt yon afè de 6 mil polisye ak manm gad nasyonal la ki pral asire sikirite seremoni an e jere pwoteksyon foul la, fè konnen otorite yo mete sou pye menm kalte preparasyon e ak menm serye yo te montre sa genyen 4 tran.

Chif 600 mil a 800 mil moun kap nan Washington pou seremoni prestasyon sèman Prezidan Obama a, montre pral genyen yon bès pa rapò ak popilasyon ki te vide sou kapital federal Lèzetazini an sa gen 4 tran pou asiste seremoni prestasyon sèman misye Obama apre premye eleksyon n kòm prezidan ameriken Nan okazyon an, plis pase yon milyon moun te prezan nan Washington.
XS
SM
MD
LG