Accessibility links

Breaking News

Etazini : Prezidan Obama ak Lidè Pati Repibliken nan Kongrè a fè yon pa nan Direksyon yon Antant sou Kriz Fiskal la


Ozetazini, Prezidan Barack Obama ak rival li yo nan Kongrè a avanse yon ti kras nan direksyon yon konpwomi sou kèk pwoblèm finansye ki divize yo.

Pa gen siy ki montre pati yo pre pou yo jwenn yon antant, men responsab yo fè konnen lidè Chanm bas la ki anba kontwol pati repibliken an, depite John Boener te rankontre yon fwa ankò nan Lamezon Blanch ak prezidan an.

Pou lapremye fwa, mesye Boener ofri pou kite yo mete plis taks sou fanmi rich ki fè plis pase yon milyon dola nan yon lane e ogmante limit nan prè peyi a.

Mesye Obama, prezidan demokrat ki te jwenn mwa pase a yon dezyèm manda 4 tran, mennen kanpay nan kad demach pou ogmante taks sou koup ki genyen yon salè mansyèl ki depase 250 mil dola, men dapre pwopozisyon mesye Boener la, 2 pati yo poko kapab jwenn yon antant.

Malgre posibilite ki genyen pou mouvman nesosyasyon avanse, 2 pati yo toujou rete divize sou pwogram Lamezon Blanch ap dakò siprime. P

rezidan Obama lanse apèl pou rekòlte yon trilyon 4 milya dola nan ogmantasyon taks pandan 10 ane kap vini la yo avèk pwopozisyon yon trilyon mesye Boener la.
XS
SM
MD
LG