Accessibility links

Breaking News

Ejip: Opozisyon an Lanse Apèl an Favè Nouvo Manifestasyon Kont Dezyèm Pati Referandòm nan


Nan peyi Lejip, prensipal koalisyon opozisyon an mande nouvo manifestasyon jodi madi 18 desanm nan kont dezyèm pati referandòm nouvo konstitisyon peyi a ki fikse pou Samdi 22 septanm k ap vini la. Fwon Sali Nasyonal la mande popilasyon an manifeste jodi a kont dokiman an.

Gwoup ki kont konstitisyon an di dokiman an elimine kèk libète sivil akoz li ankouraje lwa islamik e neglije dwa meda m yo.

Prezidan Mohamed Morsi te ranpòte la viktwa nan premyè pati Referendum nan ki te dewoule Samdi 15 desanm pase a. Opozisyon an di te gen magouy moun te ka konstate pandan dewoulman vòt la .

Yè Lendi 17 desanm nan a yon gwoup jij fè konnen yo pap sipèvize dezyèm tou referandum nan. Konsèy Deta Jij yo rejwenn pouvwa jidisyè a ki te boykote referandòum Samdi pase a.
XS
SM
MD
LG