Accessibility links

Breaking News

Anbasadris Etazini nan l’ONU, Susan Rice, Wete Kandidati Li pou Plas Sekretè Deta a


Anbasadris Lèzetazini nan l’ONU an, Susan Rice, retire kandidati li pou plas Sekretè Deta a nan plas Hillary Clinton, devan rezistans lidè repibliken nan Kongrè a ki te pwomèt pou yo bloke konfimasyon li.

Madam Rice, ki tap pale sou chèn televizyon NBC jedi 13 desanm 2012 la, deklare se t ap yon onè pou l sèvi peyi li nan pi gwo pòs diplomatik la, men desizyon li pran pou l wete non n kòm kandida a, se desizyon korèk la, paske gen twòp politik ki vin mele nan kesyon an.

Madam Rice di:
"Mwen wete non mwen paske m panse si desizyon ki kòrèk la pou peyi a ; mwen panse tou se yon bon bagay pou Prezidan an. E, lè nou fè yon konsiderasyon global, mwen ka di se yon bon desizyon pou mwen e pou fanmi mwen. "

Nan menm jounen jedi a, Prezidan Barack Obama fè parèt yon deklarasyon kote li aksepte desizyon Madam Rice la.

Prezidan an te tou pwofite pou l anonse Susan Rice pral kontinye rete nan pòs li kòm anbasadris Lèzetazini nan Nasyon Zini e kòm yon manm-kle kabinè ministeryèl li a.
XS
SM
MD
LG