Accessibility links

Breaking News

Etazini/Ekonomi: La Mezon Blanch ak Kongrè a Poko Antann yo sou yon Solisyon pou Kriz Fiskal la


Ozetazini, toujou gen divizyon ant Prezidan Barack Obama ak lidè repibliken nan Kongrè a nan moman negosyasyon ap kontinye pou evite sa yo rele yon “falèz fiskal” kote taks kontribyab yo ap peye ka ogmante otomatikman, epi kèk pwogram sosyal kapab koupe sanzatann.

Menmsi Misye Obama ak prezidan Chanm Depite a, Repibliken John Boehner, kontinye pale nan telefòn, e menmsi kolaboratè 2 lidè yo kontinye fè konferans, deklarasyon yo fè an piblik montre toujou gen gwo pwoblèm pou yo rezoud. Jounen mèkredi 12 desanm nan te kòmanse ak yon deklarasyon Misye Boehner te fè kote li te akize Prezidan Obama dèske li pa rive mete pwopozisyon egzat e klè sou tab negosyasyan an.

Dapre lidè repibliken an toujou, lide prezidan an prezante yo, se tou senpleman pou mande ogmante taks ak depans, Misye Boehner fè konnen:

“ Yon plan konsa pa menm kòmanse rezoud kriz dèt nou an. An reyalite, li ogmnate depans yo pito”.

Bò kote pa l, pòtpawòl prezidans la, Jay Carney, fè konnen Prezidan Obama gen konviksyon li toujou posib pou 2 kan yo jwenn yon antant. Sepandan, La Mezon Blanch pa dispoze sede devan presyon repibliken yo ap fè pou l pa kenbe pwomès li te fè pou l kontinye aplike yon plan Prezidan Bush ki te bese taks sou moun kap touche mwens kòb yo epi ogmante taks sou ameriken ki rich yo.

“Prezidan an gen yon fèm volonte pou l jwenn yon konpwomi. Li byen konnen sa pral mande kèk chwa difisil bò kote li ak demokrat yo. Men, tout pwopozisyon ki mande koupe taks pou ameriken rich yo e ki di : «Se priyorite nimewo 1 nou », ebyen, prezidan an pap janm ka aksepte yon pwopozisyon konsa”.

Deklarasyon konsa se yon egzanp ki montre 2 pati yo gen bon jan travay ki rete pou fèt toujou anvan pou yo rive jwenn yon solisyon pou kriz fiskal la, alòske rete yon ti kras plis pase 2 semèn pou ogmantasyon taks ak eliminasyon otomatik pwogram sosyal yo antre an aplikasyon.
XS
SM
MD
LG