Accessibility links

Breaking News

100 Lòt Peyi Rekonèt Nouvo Opozisyon Siryèn Kòm Reprezantan Lejitim Siri


Yon gwoup plis pase 100 peyi, k ap mande prezidan Siryen an, Bashar al-Assad, kite pouvwa a, pran desizyon pou yo rekonèt ofisyèlman yon kowalisyon opozisyon ki fèk fòme, kòm reprezantan lejitim pèp siryen an.

Yon lòt kote, yon ofisyèl ameriken wo plase di, sa pa gen lontan, gouvènman siryen an te sèvi ak misil skud pou l atake militan rebèl yo. Pa gen okenn siyn ki ta montre misil sa yo te genyen zam chimik ladan yo.

Pi bonè nan semèn nan Prezidan ameriken an, Barack Obama, te anonse Etazini rekonèt ofisyèlman nouvo kowalisyon opozisyon siryèn nan kòm sèl reprezantan lejitim pèp siryen an.

La Mezon Banch te fè anons la aprè plizyè mwa kote Misye Obama ak lòt otorite ameriken te pran anpil swen pou yo evalye kapasite ak konpozisyon opozisyon siryèn nan, epi chache wè si genyen bon jan antant ant manm nouvo kowalisyon an ki te fòme nan peyi Katar nan mwa novanm pase a.

Prezidan Obama te anonse desizyon an nan yon entèvyou li bay jounalis Chèn Televizyon ABC Barbara Walters.
XS
SM
MD
LG