Accessibility links

Breaking News

Etazini Rekonèt Ofisyèlman Nouvo Opozisyon Siryèn nan


Prezidan ameriken an, Barack Obama, anonse Washington rekonèt ofisyèlman kowalisyon opozisyon siryèn nan kòm sèl reprezantan lejitim pèp siryen an.

La Mezon Blanch fè anons la aprè plizyè mwa kote Misye Obama ak lòt otorite ameriken te pran anpil swen pou yo evalye kapasite ak konpozisyon opozisyon siryèn nan, epi chache wè si genyen bon jan antant ant manm nouvo kowalisyon an ki te fòme nan peyi Katar nan mwa novanm pase a.

Prezidan Obama anonse desizyon an nan yon entèvyou li bay jounalis Chèn Televizyon ABC Barbara Walters.

Prezidan Obama di: “Nou pran desizyon pou n di kounyela a, opozisyon siryèn nan se yon opozisyon ki pliryèl ase e ki reprezante trè byen popilasyon siryèn nan.”

Ak jès Lèzetazini fè pou l rekonèt opozisyon siryèn nan, li mete fen nan yon reta li te genyen pa rapò ak kèk peyi tankou Latiki, Lagrand Bretay, Lafrans ak Konsèy Kowoperasyon Gòlf la. Anons la fèt tou yon jou anvan yon rankont kap dewoule nan peyi Mawòk e kap reyini manm opozisyèn siryèn nan ak patizan li yo. Sekretè-Deta Adjwen ameriken William Burns ap asiste rankont sa a.

Anvan La Mezon Blanch te fè anons la, pòtpawòl Jay Carney te pale ak laprès pou l di Lèzetazini byen apresye pwogrè opozisyon an reyalize jiskaprezan, e li pa ka tann jou kote va genyen yon Siri san Prezidan Bashar al-Assad.

“Kite m pale yon fason trè-trè klè pou m di: Lèzetazini kanpe bò kote pèp siryen an lè l ensiste pou tout tranzisyon debouche sou yon Siri ki gen lapè, inite, ak demokrasi; yon Siri kote tout sitwayen jwenn pwoteksyon ---kit ou Sinnit, Alawit, Kretyen, Kird, Dwouz, gason, fanm, ou timoun. E yon avni konsa pa kapab genyen Bashar al-Assad ladan n.“

Misye Carney repete deklarasyon otorite ameriken yo te deja fè pou di pou le moman, Lèzetazini pa genyen okenn plan pou l ofri opozisyon an plis ke asistans ki pa gen zam ladan n, epi èd imanitè.
XS
SM
MD
LG