Accessibility links

Breaking News

Nèg Maske Tire sou Manifestan nan Ejipt - 9 Moun Blese


Nan peyi Ejipt, nèg maske tire sou manifestan ki te reyini nan kapital ejypsyèn nan vil Lekèr; 9 moun blese nan moman patizan ak opozan Prezidan Mohamed Morsi prepare pou manifestasyon de mas rival.

Otorite ak temwen yo di nèg ak zam yo pa idantifye tire manifestan yo sou plas Tahrir la nan vil Le Kèr. Bò mitan jounen an, plas la te kalm avèk tan yo ki te toujou rete nan sant la e kantite moun ki te reyini nan zòn nan ralanti.

Lidè opozisyon yo ap mete presyon sou msye Morsi pou l anile yon referandòm konstitisyonèl ki fikse pou samdi k ap vini an.
XS
SM
MD
LG