Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Konvokasyon Plizyè Minis Konsènan Depans Dijans pou Dènye Siklòn yo


Plizyè manm gouvènman ayisyen an gen pou fè depozisyon devan yon komite Sena a pou eksplike fason yo depanse fon dijans pou dènye siklòn yo.

Sena a konvoke 5 minis nan gouvènman Laurent Lamothe la pami yo: Minis finans, minis travo piblik, minis anviwonman, minis agrikilti ak minis planifikasyon pou bay eksplikasyon sou depans yo fè nan kad eta dijans lan.

Selon Senatè Steven Benoit, li enpòtan pou popilasyon an konnen kijan yo depanse lajan sa yo. Rankont sa gen pou l dewoule semèn sa a nan Sena a.

Korespondan nou Rotchild François Junior gen reyaksyon yon senatè.
XS
SM
MD
LG