Accessibility links

Breaking News

Kanpay Prezidan Obama Pou Plan Ekonomik Li a


Ozetazini, Prezidan Barack Obama vizite, jedi 6 desanm 2012 la, yon fanmi kap viv tou pre Washington nan kad kanpay lap mennen pou l ankouraje popilasyon an apiye yon plan ekonomik ki pwovoke yon mezantant ant La Mezon Blanch ak lidè Pati Repibliken an .

Prezidan Obama te ale lakay Tiffany ak Richard Santana, ki te aksepte apèl prezidan Obama te voye bay tout ameriken pou mande yo itilize medya sosyal yo pou yo fè konnen apui yo pou plan fiskal li a.

Si La Mezon Blanch pa jwenn yon antant ak repibliken yo nan Kongrè a sou dosye sa a, règleman ki prevwa rediksyon depans leta federal la ak ogmantasyon taks sitwayen yo ap peye, pral antre ann aplikasyon nan dat premye janvye 2013 la .
XS
SM
MD
LG