Accessibility links

Breaking News

Nan Siri, Batay pou Kontwòl Kapital la, Damas, ap Kontinye


Konstriksyon ki kraze nan konfli siryen an. Se travay aviyasyon militè peyi a kap defann rejim Prezidan Bashar al-Assad la
Konstriksyon ki kraze nan konfli siryen an. Se travay aviyasyon militè peyi a kap defann rejim Prezidan Bashar al-Assad la
Nouvèl konsènan peyi Siri: militan yo fè konnen lame bonbade 2 katye nan kapital la, Damas, e yo voye yon gwo kantite sòlda al pran pozisyon divès kote nan vil la nan kad efò otorite yo ap fè pou yo repran tèritiwa ki tonbe anba kontwòl rebèl yo.

Obsèvatwa Dwamoun Siryen an, ki gen baz li nanv il Lond, ann Angletè, deklare vandredi 7 desanm 2012 la, lame vide gwo kout wòkèt sou 2 banlye, Daraya ak Moadamiah, ki nan pati sidwès Damas e ki te tonbe anba men rebèl yo. Daprè obsèvatwa a toujou, dirijan li yo pè pou le fèt ke sòlda ap rasanble nan banlye sa yo, se pa dispozisyon yap pran pou yo lanse yon atak atè e anvan lontan.
XS
SM
MD
LG