Accessibility links

Breaking News

Omdafè Ayisyen Valery Numa Eksplike Posibilite Envestisman nan Peyi Dayiti


Anbasad Dayiti nan Washington akeyi semèn sa a 2 òm dafè ayisyen, Charles Clermont ak Valery Numa, pou anime yon tablewond sou envestisman nan peyi Dayiti.

Tablewond sa a antre nan kad diplomasi biznis gouvènman Martelly-Lamothe la ki gen pou objektif ankouraje envestisè ayisyen nan dyaspora a al fè biznis nan repiblik karibeyen an.

Jounalis e òmdafè Valery Numa, ki kòmanse fè siksè nan sektè restoran ak otelri a pataje eksperyans li sou teren an nan mikwo chèf sèvis Kreyòl Lavwdlamerik la, Ronald César.

Klike sou ikon ki agoch la pou w koute entèvyou sa a.
XS
SM
MD
LG