Accessibility links

Breaking News

Filipin: Tifon Bopha Pran Lavi Plis Pase 230 moun


Nan peyi Filipin, otorite yo di kantite moun ki mouri nan Tifon ki rele Bopha a depase 230 nan moman sekouris yo kontinye ap chache plizyè santèn moun an plis sila yo ki pa reponn a lapèl nan provens ki frappe seryezman nan sid peyi a.

Omwen 142 moun mouri nan provens Compostela Valley kote ki gen anpil minn nan sid Filipin. Se yon rejyon tou ki chaje ak mòn kote glisman teren , siklòn ak inondasyon detwi nèt 2 abri dirjans ak yon kan militè.

Touprè a, nan pwovens Davao Oryantal ki chita sou la kot, plizyè douzèn moun pèdi lavi yo nan inondasyon ak nan move tan e gen anpil debri kap vole anlè pandan siklòn nan tap touche tè yè madi 4 desanm nan .

Dapre responsab nan kèk vil, se kèk strikti sèlman ki rete kanpe toujou. Plis pase 85 mil moun pran refij nan abri sekou leta yo.
XS
SM
MD
LG