Accessibility links

Breaking News

Meksik: Nouvo Prezidan an fè fas ak Premye manifestyon n nan vil Meksiko


O Meksik, plizyè santèn moun patisipe lendi 3 desanm nan yon mach anba lavil Meksiko pou egzije liberasyon prizonye otorite yo te arete semèn pase a pandan prestasyon sèman prezidan eli Enrique Pena Nieto.

Manifestan yo akize gouvènman an dèske l ap itilize fòs polis la pou pou fè represyon sou advèsè nouvo prezidan an, lidè Pati Revolisyonè Enstitisyonèl la(PRI).

Prestasyon sèman mesye Pena Nieto a make retou PRI sou pouvwa apre 12 zan. Otorite yo presize yo te arete 92 moun e 100 lòt blese pandan yon afwontman ak lapolis nan kapital meksikèn, Meksiko, pandan seremoni an ki te dewoule samdi ki sot pase la a .
XS
SM
MD
LG