Accessibility links

Breaking News

Iran Mete Men sou yon Aparèy Telegide Ameriken, daprè Laprès Peyi a


Nan Iran, medya Leta a rapòte lame peyi a mete men sou yon avyon telegide ameriken ki te antre nan espas nasyonal iranyen an.

Daprè nouvèl ki sòti madi nan Teheran, se yon branch lamarin de gè Gad Revolisyonè Iran an ki mete men sou aparèy la pandan li tap fè patwouy nan zòn nan pou l ranmase enfòmasyon.

Jiskaprezan madi maten Lèzetazini potko fè okenn deklarasyon sou anons Iran fè a.

Mwa pase a, Iran te konfime yon nouvèl Pentagòn nan te pibliye e ki te fè konnen avyon degè iranyen te tire sou yon aparèy telegide ameriken ki pat gen moun ladan n pandan I tap deplase sou Gòlf Pèsik la.
XS
SM
MD
LG