Accessibility links

Breaking News

Vyolans nan Siri: L’OTAN ap Apwouve yon Demand Tiki


Sekretè Jeneral l’OTAN an, Anders Fohg Rasmussen, fè konnen minis afè etranjè peyi-manm òganizasyon an genyen pou yo apwouve yon demand peyi Tiki mete devan yo pou l’OTAN enstale sou tèritwa li kèk sistèm anti-misil dekwa pou anpeche vyolans kap dewoule nan peyi vwazen, Siri, debòde espas jewografik siryen an pou travèse nan Tiki.

Pandan Misye Rasmussen t ap pale sou chèn televizyon CNN, li deklare gen tout chans pou manm l’OTAN yo bay yon repons pozitif pou demand Tiki a. Minis yo ap reyini nan vil Briksèl, nan peyi Beljik, madi 4 ak mèkredi 5 desanm 2012 la.

Yon lòt kote, Lèzetazini lanse yon avètisman bay prezidan siryen an, Bashar al-Assad, pou di li pinga li itilize zam chimik kont rebèl kap eseye mete fen nan rejim li a ki sou pouvwa a depi 12 zan. Washington lanse avètisman sa a aprè sèvis sekrè ameriken te detekte siyn ki ta montre moun ki fidèl ak gouvènman Assad la ta va ap prepare zam konsa pou yo itilize.


Pandan Prezidan Barack Obama tap abòde kesyon an lendi 3 desanm 2012 la tou prè Washington, li di li ta renmen Misye Assad ak sila yo ki anba lòd li, konnen lemond gen je fikse sou yo pou wè si yap itilize zam chimik vrèman.

Prezidan Obam di :
"Jodi a mwen ta renmen pale klèman e san zanbaj ak Assad e ak moun ki anba kontwòl li yo pou m di yo: « Le mond ap swiv nou. Itilizasyon zam chimik se yon bagay ki totalman innakseptab. E si nou fè erè trajik sa a, si nou sèvi ak zam chimik, sa pral genyen konsekans grav pou nou e nap genyen pou n peye pou sa."

Gwo batay ap kontinye ant rebèl yo ak twoup gouvènmantal yo nan Siri, menm nan moman laprès Ozetazini site kèk otorite ameriken ki ta di kòmkwa enfòmasyon sekrè montre fòs militè Assad yo ap deplase eleman ki ka konpoze zam chimik pou al mete yo nan kèk zòn byen presi, yon aksyon ki te vle fè kwè yap prepare zam sa yo pou yo itilize yo.
XS
SM
MD
LG