Accessibility links

Breaking News

Larisi Mande Kore di Nò pou l Kanpe sou Plan li Genyen pou Lanse yon Fize


Larisi egzòte Kore-di-Nò pou l pa avanse nan plan li genyen pou l lanse yon fize disi fen mwa desanm nan. Ministè afè etranje ris la fè deklarasyon sa a soti jodi lendi a. Larisi fè vwa l fè yon sèl ak kominote entènasyonal la pou eksprime kè sote li genyen sou entansyon Kore di Nò yo.

Pyongyang presise li pral mete an òbit satelit « d’observation terrestre », men kominote entènasyonal sispèk ke demach sa a kache yon tès pou misil balistik. Lachinn ak prensipal alye nò-koren yo te eksprime tou dimanch 2 desanm nan kè sote yo sou pwogram lansman misil Kore di Nò a.

Japon tou pwofite anonse anilasyon yon chita-tande 2 jou li te gen pou te fè ak Kore di Nò--- yon rankont ki te gen pou te kòmanse mèkredi nan Peken. Responsab nipon yo pran desizyon sa a akoz plan lansman nò koreyen an.
XS
SM
MD
LG