Accessibility links

Breaking News

580 Milyon Dola -Gwo Lo yon Lotri Ozetazini- Tonbe nan Eta Arizona ak Misouri


Ozetazini, responsab Lotri Nasyonal la, ki rele “Power Ball“, fè konnen moun ki te achte 2 tikè nan 2 eta diferan pral pataje 2èm pi gwo lo nan tout istwa lotri nan peyi a ki te monte rive 580 milyon dola.

Responsab yo fè anons la byen ta yè mèkredi a kèk èdtan apre yo fin fè tiraj ki bay nimewo gayan yo. Se 5, 16, 22, 23, 29, epi gwo boul la se 06.

Pandan plizyè mwa --swa pandan 16 tiraj youn dèyè lòt-- pèsonn pat rive ranpòte mayòl la; se konsa li te monte rive 580 milyon dola a. 2 moun ki ranpòte gwo lo yo se moun Eta Misouri ak Arizona.

Moun kap viv nan 42 eta ameriken (plis vil Washington DC ak Zil Vyèj Ameriken yo) te patisipe nan tiraj la. Pwofi ki soti nan lotri nasyonal la finanse lekòl ak kèk pwogram eta yo ak gouvènman lokal yo.
XS
SM
MD
LG