Accessibility links

Breaking News

Ejip-Pwotestasyon: Eske yon Nouvo Konstitisyon Ka Rezoud Kriz Politik la?


Manifestan ki tap pwoteste tonbe nan lese-frape ak lapolis tou prè Plas Tahrir la, nan vil Lekèr, mèkredi 28 novanm 2012 la.
Manifestan ki tap pwoteste tonbe nan lese-frape ak lapolis tou prè Plas Tahrir la, nan vil Lekèr, mèkredi 28 novanm 2012 la.
Nan Lejip, Prezidan Mohamed Morsi pral mete yon mesaj devan pèp la jedi 29 novanm 2012 la nan moman yon komisyon ap pare pou l vote sou yon nouvo pwojè-konstitisyon. Obsèvatè yo atann yo aske Misye Morsi abòde desizyon li te pran semèn pase a pou l egzèse yon pouvwa preske san limit, san posiblite pou okenn otorite lajistis defye pouvwa sa a. Yon dekrè prezidan an te fè pibliye nan sans sa a pwovoke plizyè jou manifestasyon nan kapital la, vil Lekèr, ak lòt kote atravè peyi a.

Byen bonè jounen jedi a toujou, pèp souvren pran pozisyon sou plas Tahrir la, nan kapital la; tou prè plas la, manm yon komisyon kap prepare yon manman-lwa tou nèf pou Lejip fè konnen yo byen kapab fin akonpli misyon yo pi ta nan jounen an. Objektif travay sa a sanble se pou eseye bese tansyon an e rezoud kriz la.

Misye Morsi te pale pou l di se pou yon ti bout tan sèlman li pran pouvwa eksepsyonèl li te anonse yo, paske tout bagay ap retounen nan plas yo aprè nouvo konstitisyon an va fin antre an aplikasyon.

Sepandan, nouvèl la atire atansyon sou le fèt ke tout manm ki rete nan komisyon konstityant sa a se eleman islamik. Manm liberal ak non-relijye ki te ladan n yo, te deside wete kò yo apre yo te lanse akizasyon pou di mesye islamik yo pa vle pran opinyon lòt manm yo an konsiderasyon.

Dimanch kap vini la a, tibrinal konstitisyonèl Lejip la gen pou l vote sou kesyon pou konnen eske komisyon kap ekri nouvo manman-lwa a se yon antite lejitim. Moun pa konnen egzatteman ki efè vòt sa a pral genyen sou dokiman komisyon an gen pou l fin prepare anvan fen jounen jedi a.
XS
SM
MD
LG