Accessibility links

Breaking News

Siri - Vyolans: Eksplozyon Machin Pyeje nan Damas – 34 Moun Mouri


Nan Damas, kapital peyi Siri, 2 machin pyeje eksploze preske an menm tan nan yon banlye vil la.

Bilan: omwen 34 moun pèdi lavi yo. Daprè militan yo, eksplozyon yo, ki fèt byen bonè mèkredi 28 novanm 2012 la, rive nan katye Jèmana kote majorite moun yo se siryen kretyen ak dwouz.

Imaj ki pase sou televizyon montre ponpye ak gwo ponp dlo kap eseye touye dife ki pran sou kakas machin yo. Debri gaye tou patou nan lari a. Ajans nouvèl Leta a, SANA, fè konnen eksplozyon yo se yon atak teworis.

Bò kote pa l, Obsèvatwa Dwamoun Siryen an, ki baze nan peyi Langletè, pale pou l di vyolans ki dewoule atravè tout peyi Siri deja touye plis pase 40 mil moun depi mouvman leve-kanpe a te tanmen kont rejim Prezidan Bashar al-Assad la nan mwa Mas ane 2011 la.
XS
SM
MD
LG