Accessibility links

Breaking News

Angajman Etazini pou l Kontinye Ede Ayiti Repare Dega Siklòn Sandy


Logo USAID
Logo USAID
Gouvènman ameriken an pa sispann efò lap fè pou l ede gouvènman ayisyen an fè fas ak dega siklòn Sandi te koze nan peyi Dayiti. Konsa, dapre yon nòt pou laprès ki sòti nan Anbasad amerikèn nan Pòtoprens, biwo FFP Ajans Amerikèn Pou Devlopman Entènasyonal (USAID) ap gen mete plis resous a dispozisyon kèk patnè kle tankou Care, Sekou Katolik, ak Vizyon sou Lemond (World Vision) kap gen pou pote asistans ki nesesè pou rezoud pwoblèm ensekirite alimantè nan Lagonav, nan Depatman Sid, Sidès ak Plato Santral.

Daprè nòt la pou laprès la toujou, USAID anvizaje posiblite pou li ede lòt pwovens ak lajan oubyen ak koupon li va bay pwojè kominotè kap ofri travay pou yon tan kout oubyen pou yon tan mwayen ; ak acha semans oubyen lòt pwodwi agrikòl ki kapab repare plantasyon ki te sibi dega yon fason pou yo kapab rekòmanse pwodwi; oubyen ankò ak distribisyon byen siblé kèk pwodwi nan kad pwojè PL480-an ak koupon pou achete manje ---koupon ki pral jwenn fanmi ki pi ekspoze anba ensekirite alimantè, pou pèmèt yo achte manje ak lòt pwodwi ki sou mache ayisyen an.

Nòt la ajoute: "Gouvènman ameriken an devlope yon plan daksyon «Apre Sandi » atravè pwojè WINNER --yon pwojè USAID-- ki vize 2 rejyon agrikòl enpòtan, an palan de Plèn Kil-de-Sak la ak rejyon « Les Matheux ». Pwojè sa-a ap koute 8 milyon 500 mil dola e lap reyalize nan kowoperasyon avèk Depatman Agrikilti peyi Dayiti..."

"Pwojè Winner a deja idantifye 13 wout pou repare sou yon total 173 kilomèt wout segondè nan 2 rejyon Plèn Kil-de-Sak la ak « Les Matheux »... Menm pwojè a deja reyalize reparasyon sistèm irigasyon an nan 2 rejyon yo – reparasyon ki te koute 5 milyon 700 mil dola ameriken."

Sete rezime yon nòt pou laprès ki sòti nan anbasad amerikèn nan Pòtoprens, Ayiti.
XS
SM
MD
LG